Flash and JavaScript are required for this feature.
Download the video from Internet Archive.

Using Student Surveys to Cu...
Nan kou sa a, mwen toujou kòmanse kou a avèk yon sondaj.
Nan sondaj la, sa m fè?
Mwen mande etidyan yo yon seri kesyon ki trè senp.
Mwen mande yo: ki laj yo, ki sa y ap etidye, nan ki ane yo ye, kote yo te fèt, ki kote yo te viv, ki lang yo pale.
Epi, an menm tan tou, m poze yo kesyon pou m konnen ki sa yo panse de kontni kou a, men, san ke nou pa poze yo kesyon ki konplike.
M mande yo, pa egzanp, ki sa yo konnen sou lang kreyòl yo.
M mande yo pou yo defini ki sa yon “lang kreyòl” ye.
M mande yo ki jan yo ta defini ki sa “idantite” vle di.
M mande yo a ki sa yo panse lè yo tande mo “Antiy”, mo “Karayib” - a ki sa yo panse.
Lè kon sa, m vin konnen plizoumwen ki sa yo gen nan tèt yo pa rapò avèk lang kreyòl, idantite, Karayib...
Epi m sèvi avèk sa kounye a pou m kòmanse kou a, pou m konnen kote yo ye, pou m ka konnen ki kote yo vle ale.
E kounye a, detanzantan, m fè yon ti tchèk avè yo pou m konnen kouman lide yo chanje pandan ke klas la ap evolye.
Ou wè?
Pou mwen se yon bon teknik paske nan fen kou a, kounye a, m ka mezire ki kote yo te ye nan kòmansman kou a epi ki kote yo rive ale, sitou sou diferan dimansyon ki enpòtan pou klas la.
Kou wè: Chapant lang kreyòl, istorik lang kreyòl, rapò ant lang epi idantite, rapò ant lang avèk edikasyon ak devlòpman.
Donk, se kon sa mwen mezire pwogrè timoun yo tou.
Welcome!
This is one of over 2,400 courses on OCW. Explore materials for this course in the pages linked along the left.
MIT OpenCourseWare is a free & open publication of material from thousands of MIT courses, covering the entire MIT curriculum.
No enrollment or registration. Freely browse and use OCW materials at your own pace. There's no signup, and no start or end dates.
Knowledge is your reward. Use OCW to guide your own life-long learning, or to teach others. We don't offer credit or certification for using OCW.
Made for sharing. Download files for later. Send to friends and colleagues. Modify, remix, and reuse (just remember to cite OCW as the source.)
Learn more at Get Started with MIT OpenCourseWare