Flash and JavaScript are required for this feature.
Download the video from Internet Archive.

Sharing with Teachers to Pr...
Pou mwen, se te vreman enpòtan pou m te fè entèvyou sa a an kreyòl e ann angle.
Pou ki sa? Paske mwen panse ke lang kreyòl yo, e sitou lang kreyòl Ayiti a, se egzanp ki prèske pafè pou nou konprann wòl lang kouwè reflè yon istorik kolonyal kote lang ka sèvi swa pou dominasyon, swa pou rezistans.
Tan ke nou pa vreman konprann istorik avèk chapant yon lang, e ki jan lang lan ka sèvi pou edikasyon ak devlòpman, nou p ap janm ka devlope peyi d Ayiti.
E se menm bagay la pou nenpòt ki kominote.
Si yon kominote gen yon lang ke l pale lakay li, yon lang ke timoun yo pale depi yo fèt, si kominote sa a pa ka vreman fyè de lang li, si yo pa ka sèvi ak lang lan pou edikasyon timoun yo, kominote sa a p ap janm ka vreman devlope kòm sa dwa.
Se pou sa ke m gen anvi sa a, m ta renmen, m ta kontan anpil si videyo sa a, si materyèl nan klas sa a ta sèvi pou tout kalite pwofesè ki gen menm pwoblèm sa yo, kote nan kominote yo gen yon lang ki pa resevwa atansyon ke l merite a.
Donk, m pale an kreyòl nan videyo sa a.
M espere ke ap gen anseyan ann Ayiti, ap gen etidyan, ap gen lidè, ap gen edikatè k ap ka sèvi ak materyèl sa a, k ap ka konprann videyo sa a pou, kounye a, yo kreye yon nouvo sistèm edikasyon kote lang kreyòl la ka finalman jwe wòl ke l merite jwe pou peyi a ka devlope.
Sa pa vle di ke se kreyòl kont franse.
Non, se kreyòl ki pral baz pou edikasyon an ka fèt kòm sa dwa.
Epi kounye a, pou timoun yo ka aprann syans, matematik, pou yo ka aprann lang franse, lang angle, lang panyòl apati de pwòp lang nasyonal yo, lang natif natal yo.
Welcome!
This is one of over 2,400 courses on OCW. Explore materials for this course in the pages linked along the left.
MIT OpenCourseWare is a free & open publication of material from thousands of MIT courses, covering the entire MIT curriculum.
No enrollment or registration. Freely browse and use OCW materials at your own pace. There's no signup, and no start or end dates.
Knowledge is your reward. Use OCW to guide your own life-long learning, or to teach others. We don't offer credit or certification for using OCW.
Made for sharing. Download files for later. Send to friends and colleagues. Modify, remix, and reuse (just remember to cite OCW as the source.)
Learn more at Get Started with MIT OpenCourseWare