Flash and JavaScript are required for this feature.
Download the video from Internet Archive.

Rooted in the Personal: Stu...
Nan kou sa a, m te gen anpil chans difèt ke anpil etidyan, pifò nan etidyan yo, yo fèt oz Etazini.
Men, paran yo, granparan yo, grandèt yo pa t fèt oz Etazini.
Pa egzanp, gen timoun paran yo te sòti nan Zile Moris.
Genyen paran yo te sòti nan peyi End.
Genyen ki sòti Amerik Latin kouwè ann Ajantin.
Genyen paran yo sòti o Meksik.
Gen yon etidyan ki te fèt o Meksik.
Genyen ki te Ameriken nwa.
Genyen ki te Juif.
Donk, te gen tout yon melanj de etnisite ki te fè klas la te vin vreman rich.
Paske elèv yo, trè souvan, yo t ap mande tèt yo: Èske yo ka endyen si yo pa pale okenn lang endyen? Èske yo ka vreman morisyen si yo pa pale kreyòl Moris? Èske yo ka latino si yo pa pale panyòl?
Donk, sa te vin fè klas la vin trè enpòtan pou yo paske, nan yon sans, yo te vle sèvi avèk materyèl klas la pou yo konprann pwòp tèt yo.
Donk, youn nan premye egzèsis ke nou te mande yo pou yo fè, nou te mande yo pou yo ekri yon biyografi lengwistik.
Donk, nan biyografi sa a, yo te dwe rakonte itinerè yo, kouman yo te grandi lakay yo, ki atitid yo pa rapò ak divès lang.
E se yon egzèsis ke m te gen chans jwenn.
Se kòlèg mwen, zanmi m ki rele Anne Charity Hudley k ap anseye nan University of Carlifornia Santa Barbara, se li menm ki te pataje avè m egzèsis sa a ke li te fè pou pwòp tèt li.
Donk, lè m te li egzèsis sa a, m te reyalize ke sa se yon egzèsis ki gen anpil enpak sou kesyon de lang avèk idantite.
Donk, se kon sa nou te chapante klas la.
Donk, anpil nan kesyon ke nou te poze nan kou a te baze sou biyografi lengwistik etidyan yo.
Li te vreman enteresan ni pou etidyan yo ni pou mwen menm kòm anseyan.
Welcome!
This is one of over 2,400 courses on OCW. Explore materials for this course in the pages linked along the left.
MIT OpenCourseWare is a free & open publication of material from thousands of MIT courses, covering the entire MIT curriculum.
No enrollment or registration. Freely browse and use OCW materials at your own pace. There's no signup, and no start or end dates.
Knowledge is your reward. Use OCW to guide your own life-long learning, or to teach others. We don't offer credit or certification for using OCW.
Made for sharing. Download files for later. Send to friends and colleagues. Modify, remix, and reuse (just remember to cite OCW as the source.)
Learn more at Get Started with MIT OpenCourseWare